Material Didático – CR

Materyèl Pedagojik

Pwojè “SLS – SOLISYON LOJMAN SENP: REKONSTRIKSYON APRÈ DEZAS AK KONFLI” se yon inisyativ akademik e li te òganize nan fòm yon kou ki vize pou prezante konesans ak potansyèl pou fasilite pwosesis (re) konstriksyon nan sitiyasyon dezas ak konfli yo. Lide a se ede kominote ki viktim dezas ak konfli pou òganize tèt yo nan pwòp rekiperasyon, avèk direksyon ak sipèvizyon asistan teknik kalifye (enjenyè ak / oswa achitèk anboche PA pwòp kominote, pouvwa piblik oswa ONG, nan travay sa, san okenn koneksyon oswa entèferans nan kreyatè Pwojè a). Materyèl ki disponibilize a kapab tou itilize nan rechèch ak etid akademik pou pati etidyan, pwofesè ak teknisyen ki entèrese nan sijè ki abòde a, kize amelyore li, depi ke sous la mansyone.

Materyèl pedagojik Pwojè SLS la konpoze de slides, videyo klas, fich mamoryal ak desen ki relasyone ak konstriksyon kay popilè a ba pri, òganize konbit lojman ak administre travay la. Sepandan materyèl pedagojik nan pwojè SLS la pa te fèt pou aplike otomatikman nan nenpòt sitiyasyon reyèl espesifik, on fason ke piblik ki konsène an ta dwe evalye aplikasyon li ka pa ka epi yo dwe responsab pou sèvi ak yo, kèlkeswa sikonstans yo.

Isit lan nou disponibilize dokiman Pwojè SLS yo, ki te òganize a pati slides ak videyo klas, a trave 3 aks: pwojè jeni ak achitekti, administrasyon konbit, ak teknoloji te siman. A pwopo desen yo e memoryal yo ki konpoze nan pwojè jeni ak achitekti edifis Pwojè SLS la, tout as yo te òganize swivan espesyalite: achitekti, chantye, estrikti/ masonnri, enstalasyon elektrik, enstalasyon dlo ak tou rego epi ibanizasyon.

Kòm kontni pwojè a pa definitif, men se yon pwopozisyon ki nan yon evolisyon pèmanan, ekip ki reyalize Pwojè SLS la solisite ak posib itilizatè pwojè a que yo di nan meni Rakonte eksperyans ou eksperyans yo genyen nan itilizasyon na, yon fason pou rann posib posib amelyorasyon kateryèl yo.